Sou nou

Asosyasyon Ayisyen nan Peyiba (HVIN) te fonde 30 janvye 2011. Sa ki te deklanche sa touswit se te tranblemanntè ki te frape Ayiti yon ane anvan sa – nan dat 12 janvye 2010. Kòm rezilta, senk Ayisyen k ap viv nan Peyiba te santi yon gwo bezwen pou gen plis koneksyon ant Ayisyen yo nan Peyiba. Lè Asosyasyon an te fonde, yo te adopte Atik Asosyasyon an (lyen pou PDF).
Kominote ayisyen an nan Peyiba gen twa gwoup:
a) Ayisyen ki te grandi nan peyi Dayiti epi ki te vin Oland kòm adilt.
b) Ayisyen ki fèt nan peyi Dayiti ki te adopte lè yo te timoun
c) Moun ki soti nan kominote ayisyen sou zile Karayib yo ki fè pati Wayòm Peyiba a.

Nenpòt moun ki santi yon koneksyon ak Ayiti oswa ki enterese nan peyi a, byenveni pou l vin manm.
Nan reyinyon nou yo, nou pale Olandè ak Kreyòl