Komite nou an
Wilny Octavius
Prezidan
Mwen rele Wilny Octavius. Mwen soti Senmak, an Ayiti. Mwen ap viv aletranje depi 2009. An 2018, mwen te demenaje Oland pou m te etidye pou yon Mètriz nan Resous Imèn. Apre m fin konplete etid mwen, mwen te deside rete isit la pou m viv ak travay. Mwen fyè anpil de eritaj mwen e se yon gwo onè pou mwen pou m se yon manm HVIN epi pou m sèvi nan konsèy administrasyon an. Kòm yon manm HVIN, mwen vle fè yon kontribisyon ki gen sans pou rasanble Ayisyen yo nan Peyiba. Non sèlman pou fè nou pi pre youn lòt, men tou pou nou patisipe plis nan tout aspè ki reflete idantite Ayiti.

Daphnée Destima-Marcelin
Sekretè
Non mwen se Daphnée Destima-Marcelin; mwen marye e mwen se manman twa pitit. Mwen travay kòm asistan chirijikal nan Zuyderland MC. Sa gen anviwon ennan edmi, mwen te demenaje ak fanmi m soti Kourasa pou vin nan Sid Limburg. Nan tan lib mwen, mwen renmen li liv edikatif sou devlopman pèsonèl, eksplore mond medya sosyal yo, kenbe yon jounal epi pase tan ak fanmi m. Mwen tande anpil pale de HVIN e mwen santi m onore pou m fè pati konsèy administrasyon an kounye a. Pi gwo espwa m kòm manm konsèy la, se pou nou, ansanm e nan inite, ka fè plis pou Ayisyen yo isit la nan Peyiba. Pa egzanp, nan ofri sipò kominotè epi kreye yon rezo pou pataje eksperyans ak jwenn opòtinite.
Clairecia Etienne-Galliotte
Kòdonatè Evènman ak Pwojè
Non mwen se Clairecia Etienne-Galliotte, e mwen gen 31 an. Sa gen prèske sizan, mari m Jimmy ak mwen te deside demenaje Oland. Wòl prensipal mwen se manman de pitit: Elijah ak Eliza. Mwen travay tou kòm administratè nan Bracco Medical Technologies. Rèv mwen se kòmanse pwòp biznis pa m byento epi vin yon fanm ki enspiran e ki gen enfliyans. Vizyon m pou HVIN se kontribye nan kwasans ak devlopman asosyasyon an, pou l ka vin yon pwen referans enpòtan pou tout Ayisyen, ni isit la, ni aletranje. Mwen vle ede pwomouvwa yon imaj pozitif sou Ayiti atravè kilti, mizik, tradisyon ak kuizin nou.
Marcel Catsburg
Manm Konsèy Jeneral / Kominikasyon
Mwen enplike nan asosyasyon an depi plizyè ane – an reyalite, depi lè li te fonde. Menm lè m te etidyan, mwen te fascine pa Ayiti. Mwen te enterese sitou nan langaj la, Kreyòl. Apre sa, mwen te pase senk an ap travay nan Ayiti ak madanm mwen ak pitit fi m. Lè m te retounen nan Peyiba, mwen te kontinye suiv devlopman nan Ayiti. Sa gen kèk ane, mwen te ekri yon liv sou Ayiti ki rele *Grond zonder Rust. Breuklijnen in Haïtiaanse Bodem* (Tè San Repo: Fwaye nan Sòl Ayisyen).
Olgine François
Trezorye
Mwen fèt an Ayiti epi mwen te grandi nan Kourasao. An 2017, mwen te deside demenaje nan Peyiba pou m te etidye pou metriz mwen nan kontablite, ke m te fini an 2020. Mwen rete Rotterdam epi mwen pwofite lavi a nèt. Mwen renmen vwayaje, manje deyò epi fè vwayaj san plan. Mwen anvi travay an ekip byen, ki baze sou lanmou nou pataje pou Ayiti.
