Drapo a

Drapo ayisyen an soti nan drapo trikoulè franse a (bann vètikal: ble – blan – wouj). Istwa a di ke, vè lafen lit pou endepandans lan (ki te kòmanse ak revòlt esklav yo an 1791), lidè militè esklav rebèl yo, Jean Jacques Dessalines, te dechire bann blan an sou drapo franse a.
Nan epòk sa a, Ayiti te toujou yon koloni fransè e yo te konnen l sou non Sen-Doming. Pou Dessalines, bann ble a te senbolize popilasyon nwa a; bann wouj la te reprezante moun ki gen melanj ras (milat yo) epi bann blan an te reprezante fransè blan yo. Dessalines te kwè ke Franse yo pa t dwe gen plas ankò nan yon Ayiti lib. Apre endepandans an 1804, li te mete pawòl li an aksyon epi li te bay twoup li yo lòd pou touye otan Franse ke posib.
Katarin Flon
Nan dat 18 Me 1803, yon sèten Catherine Flon (vètikalman) te koud bann ble ak wouj yo ansanm ankò, yo di li te itilize pwòp cheve pa l kòm fil. Sa te fèt nan Kongrè Arcahaie a. Se te rasanbleman kote esklav revolisyonè ki soti nan nò ak sid yo te ini anba kòmandman siprèm Dessalines. Lidè esklav yo te fè sèman pou yo rete fidèl ak drapo nouvo Ayiti a. Pèp ayisyen an konsidere Catherine Flon kòm yon eroin nan revolisyon an. Imaj li parèt sou biyè 10 goud la.
Libète oswa Lanmò
Se poutèt sa, 18 Me se yon jou ferye piblik an Ayiti. Yon ane sèlman apre, Dessalines te fè ranplase bann ble a pa yon bann nwa epi li te fè ajoute deviz ‘Libète oswa Lanmò’ sou drapo a. Apre lanmò li an 1806, yo te remete bann ble a. Apati 1820, yo te ranje koulè ble ak wouj yo orizontalman, youn anba lòt. Pandan diktati François Duvalier (1957–1969), ke yo te rele Papa Doc, yo te ranplase koulè ble a ak koulè nwa ankò. Yo te ranje bann yo vètikalman tou, ak bann nwa a nan pozisyon anwo a. Duvalier te gen entansyon fè yon deklarasyon politik, ki te vle di ke se moun nwa yo, pa mulat yo, ki te gen pouvwa nan peyi Dayiti. Dis jou apre depa Jean Claude Duvalier (Baby Doc) an 1986, peyi Dayiti te reentwodui drapo a ak bann ble a epi bann yo te ranje orizontalman.
Inite se fòs
Gen kèk drapo ki gen yon blason ki montre pye palmis nasyonal la ki gen yon chapo libète sou tèt li, ansanm ak drapo, kanon, twonpèt ak yon moun k ap bat tanbou. Deviz la se: Union fait la force (Ini se fòs).

